• Visiteur, merci de ne pas poster plus de 5 poèmes par jour. Ceci dans le but d'améliorer la visibilité du site.

SIDA

  • Auteur de la discussion Auteur de la discussion ker
  • Date de début Date de début

ker

Nouveau poète
4let 2mo 2vwayel 2silab.

Sida fe arestatyon'l san manda li pa rete pou pita
E li pa janm anreta li atake tout alafwa.
Se sida ki fe lalwa.
Li semante 7 fwa 77fwa.
Se li'k pou atake manmzel gwo daaa.
kap mache fe dilatwa
voyel al reflechi pa dila.
avek menl nan machwa.
ap di poukisa mwa.


Sida gen may
li mete tout moun ala wonn bapay.
nan out twou ray depi w fe yon ti bitay.
Tout moun lakay diw babay.
Apresa li lagrw nan tray.


Ou menm bel grimel,
ou chita nan fe pek mel
sonje sida ala pech.
wap tounen yon tet bobech,
Apresa ou mouri chech.


Nan rirel kretyen
se yon tren ki pedi fren
Tout moun dan griyen
lew panse wa mennen
Ak sida wap trennen.


Ey gade ti tonton
Ou chita nan fe fripon.
Sispann vire ron,
Mete sida nan pon gongon.
pa kitel mache ton sou ton.
Lagel nan twou san fon.
Bal twa pa distans,
Pa bal chans.
 
Retour
Haut