Pase Adriyèn pa genyen
Ou mèt jwe tanbou tankou zonbi
Où mèt bat loko tankou bouki
Ou mèt bèl tankou simbi
Zetwal Adriyèn pap janm tonbe sou chimen w
Solèy li pap janm leve nan direksyon w
Ou mèt fè prezi tankou Vilè
Ou mèt louvri ko w kon flè dizè
Fè syèl kontre ak tè
Adriyèn pap janm souri ba ou
Men m sil kwaze chimen w chak jou
Ou ta mèt pale panyol
Chante kon wosiyol
Fè flè sèvi lamayol
Adriyèn pap janm sispann kreyol
Fanm lakay…
Ou mèt pale tout lang
Chante tout chante
Danse kon zenzen
Se mwen renmen w ki ka fè kè l louvri
Ki ka fleri yon ti woz nan jaden l
Pou li se sèl angrè ki ka fleri lanmou poutoutangentan
MOSLY LIBRUN
Dans mon livre BOUJON LANMOU
(509)47-560335
Ou mèt bèl tankou simbi
Zetwal Adriyèn pap janm tonbe sou chimen w
Solèy li pap janm leve nan direksyon w
Ou mèt fè prezi tankou Vilè
Ou mèt louvri ko w kon flè dizè
Fè syèl kontre ak tè
Adriyèn pap janm souri ba ou
Men m sil kwaze chimen w chak jou
Ou ta mèt pale panyol
Chante kon wosiyol
Fè flè sèvi lamayol
Adriyèn pap janm sispann kreyol
Fanm lakay…
Ou mèt pale tout lang
Chante tout chante
Danse kon zenzen
Se mwen renmen w ki ka fè kè l louvri
Ki ka fleri yon ti woz nan jaden l
Pou li se sèl angrè ki ka fleri lanmou poutoutangentan
MOSLY LIBRUN
Dans mon livre BOUJON LANMOU
(509)47-560335