Fedson Claude
Nouveau poète
Ah wi m pare poum komanse fè lago kache avèw.
Kach kach Nikola m pare pou m serew byen
M pare poum sou chak jou men fok se ou kleren
Yo pral relem palado men je m'en fou paske se ou kap sijè
Tet plim mwen, pwomet pou l jete lank selman sou papyew
Chak fwam vle goute mond dousè, m pare pouw tikè.
M pare pou m beki nenpot ki fwaw ta pedi pyew.
Soley lamizè ap boule tet mwen pare pou w chapo pay mwen.
Swaf lanmou ap kase gòj mwen souple pare pouw ti sous mwen
M pare poum krikèt nan kwen pòt ou konsa wa tande kri GTM
M pare pou sa poum jwenn sinya l ou menm lè bwat mw san sim.
M manke lanmou pare pouw renmenm!!!