Nous utilisons des cookies pour vous garantir la meilleure expérience sur notre site web.
Si vous continuez à utiliser ce site, nous supposerons que vous en êtes satisfait.

  • Visiteur, merci de ne pas poster plus de 5 poèmes par jour. Ceci dans le but d'améliorer la visibilité du site.

mesaj yon dezespere

izou

Nouveau poète
#1
Mwen te pou kont mwen, tris, meprize, dekouraje, imilye, abandone, rejte. Lavi te sanble san sans, li te anmè kou fièl nan bouch mwen ak atròs nan zantray mwen. Lanmou pat egziste pou mwen, kontantman te yon lavi de liks pou mwen, sò mwen pat lòt ke malè. Lavi pat sourim, anyen pat bay egzistans mwen gou. M te poukont mwen! Yon jou, yon bon etranje frape nan pòt m, mal mennen pa sò lavi a, mwen louvri ak yon tristès dènye nivo, mwen pat gen okenn lide de ki moun li te ye, sèl sa mwen te ka di se ke li se yon Bon Etraje, ki pa twò Ikoni, nonm sila te vin pote pou mwen tout sam manke. Pawòl Li te diferan ak pawòl lèzòm, Li te diferan. Li te kòmanse pou pale ak mwen, chak mo, chak silab ki te soti nan bouch li te banm kè kontan, kè kontan ... Li te banm tout sam te manke, lespwa kòmanse bojonnen. Depi jou sa a, mwen vin yon moun nouvo, yon nouvèl kreati. Ou menm ki fatige ak dram lavi a, nou menm kap boulvèse pa move moman lavi a, san okenn dout, gen yon moun ki vle edew, gen yon moun vle edew. Jezi-Kris , yon sèl vrè Dye a, se li ki vle edew. Fèl konfyans, li pral chanje lapenn ou yo an kè kontan, kri doulèw yo an kè kontan, li pral pote pou ou; "lanmou, lapè, kè kontan..." Akseptel janw ye la, Se li menm ki ka edew! ARISTAR